4 kalifye yo pou demifinal konferans “Est” la gentan konnen kiyès kap advèsè lòt. Men nan ki dat seri yo ap komanse:
Premye demifinal la dimanche 30 avril
1è nan aprè midi,nan Madison Square Garden lan New York Knicks ap resevwa Miami Heat, pou premye match la se New York Knicks ki pran avantaj teren a. Nan premye pati faz “Play off” yo New York te krabinen Cleveland 4 viktwa a youn.
Yon lòt kote, Miami Heat te malmennen Milwaukee Bucks, 4 viktwa a youn. Dezyèm demi final la ap jwe lendi premye me, 7tè 30 nan aswè nan TD Garden lan, Boston Celtics pral fas pou fas ak Philadelphie sixers, se Boston ki gen avantaj teren. Nan faz anvan, Boston te elimine Atlanta Hawks lèl te bat li 4 viktwa a 2.Tandiske, ekip Philadelphie a te pase yon woulo konpresè sou Brooklyn Nets 4 viktwa a zewo.
Jonathan Charles