Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl inogire, jedi 26 oktòb 2023 a, travay reyabilitasyon lokal lise nasyonal Boisrond Tonnerre ki te sibi gwo domaj pandan pasaj ouragan Matthew ak pandan tranbledmanntè 14 out 2021 an.
Daprè MENFP a travay reyabilitasyon sa rive fèt gras ak soutyen finansye Rotari Klèb Pòtoprens ki, depi lane 2021, te manifeste angajman li pou li remete anneta lise sa a.
Minis Nesmy Manigat nan diskou li te ankouraje elèv yo pou kontinye puize nan sous enspirasyon Boisrond Tonnerre, redaktè deklarasyon endepandans peyi a.
Direktè lise a, li menm te pwofite felisite Rotari Klèb Pòtoprens, Mèt Loubert Horace bay garanti, ekip pedagojik l ap dirije a pa p sispann fè jefò pou amelyore ansèyman ak aprantisaj nan lise sa a pandan l ap kontinye enplike paran yo ak elèv yo nan tout aktivite pou konsève kalite anviwonnman travay sa a.
Nap raple Lise Boisrond Tonnerre ki twouvel Ansavo nan depatman Nip okipe 1952 mèt kare sou yon teren ki mezire 5251 mèt kare. Lise sa a ki akeyi elèv sòti nan segondè 1 pou rive nan segondè 4 genyen 12 sal klas. Cha