Nan yon konferans pou laprès oganizatè yo lanse ofisyèlman 28yèm edisyon Liv an Foli. Aktivite sa a ap demare 16 jen 2022 a, anonse òganizatè evènman literè sa a, jodi lendi 13 jen 2022 a nan otèl Karibe Convention Center. Yo fè konnen tou lavant sou entènèt la kòmanse jou lendi 13 jen sa a.
135 zèv ayisyen pral prezante pou premye fwa nan okazyon edisyon sa a, 108 otè ap an siyati. Ap gen 108 otè, gen kèk lòt tankou Pierre Raymond Dumas, Louis-Philippe Dalembert, ki se envite donè,ki yo menm tou pral siyen plizyè tit, daprè youn nan òganizatè aktivite sa a, Frantz Duval.
JKC