Jodi vandredi 1 mas 2024 la, Premye minis Ariel Henry ak chèf Leta peyi Kenya a siyen ofisyèlman akò pou pèmèt fòs miltinasyonal la debake anndan peyi a.
Pou prezidan Kenyen an,William Ruto se yon angajman istorik peyi li a pran pou pote sipò bay Ayiti ki nan yon moman frajil. “Kenya mete tèt ansanm ak pèp ayisyen an poutèt eritaj komen yo. Nou ofri eksperyans ak ekspètiz polisye nou yo nan kad Misyon Miltinasyonal Soutyen pou sekirite an Ayiti anrapò ak manda Konsèy sekirite Nasyonzini ak direktiv tribinal nou yo.”
Yon lòt kote plizyè peyi konfime patisipasyon yo nan kad deplwaman sila. Peyi ki manifeste volonte pou yo patisipe nan misyon an deja notifye Nasyonzini ofisyèlman sou desizyon yo pran. Daprè Potpawòl Sekretè jeneral Nasyonzini an, Steph Dujarric genyen senk (5) ki ekri Nasyonzini. Men non senk peyi sa yo : Bangladesh, Bahamas, Bénin, Tchad ak Barbade.
Pandan tan sa, ensekirite a kontinye ap vale teren. Bandi ak zam k ap teworize popilasyon an avanyi plizyè katye ayè Jedi 29 fevriye a. Yo atake plizyè komisarya pami yo komisarya Pòtay Lewogàn nan, komisarya Bon repo a kote kat polisye pèdi lavi yo daprè sendika polisye Ayisyen yo, SYNAPOHA.
Carl Henry Florant