Nan yon kominike yo mete deyò, lapolis nasyonal Dayiti anonse gen plizyè Inite espesyalize ki deplwaye kòm ranfò nan vil Mibalè, nan depatman Sant peyi a, apre atak bandi ak gwo zam yo te fè kont popilasyon sivil la.
Fòs lòd yo anonse deplwaman sa te fèt sou lòd Kòmandan an chèf PNH la,Rameau NORMIL. Direktè jeneral la pase lòd ak responsab yo, nan lide pou yo mennen operasyon pou deloje gwoup kriminèl yo epi tabli yon klima lapè ak serenite nan Mibalè.
Pi devan, kominike a fè konnen anplis de inite espesyalize yo ki deja prezan sou teren an, enstitisyon an te deja livre tou ekipman konba, yon fason pou pèmèt fòs lapolis yo kapab pi efikas pandan operasyon yo ak entèvansyon yo nan rejyon sa a.
Nan kad mezi yo mete an plas, ofisye lapolis yo pozisyone tèt yo nan zòn estratejik yo pandan y ap avanse nan direksyon zòn yo vize yo, daprè fòs lòd yo.