Plizyè vwa kontinye leve nan palman ameriken an pou denonse konpòtman Gouvènman ameriken an ki pa sispann depòte Ayisyen malgre ensekirite a ap vale teren nan peyi a. Elizabeth Warren ki se senatè fanm ameriken atire atansyon Prezidan Biden sou sitiyasyon Ayiti ap konnen an menm jan ak depite fanm nan Yvette Clark.
Ayè jedi 18 avril 2024 la, Etazini depòte 52 ayisyen kite nan sitiyasyon ilegal sou teritwa ameriken an, nan premye vòl Depatman sekirite enteryè a. Daprè Koòdonatè rejyonal Ofis Nasyonal Migrasyon an, Kerwing Augustin, moun sa yo ki debake nan Ayopò entènasyonal vil Okap la, te an kontravansyon ak lalwa ameriken an, pou plizyè rezon.
Pou plizyè palmantè ameriken, desizyon Gouvènman ameriken an pran pou rapatriye ayisyen yo pa yon bon desizyon. Depite Yvette Clark deklare sitiyasyon Ayiti kawotik. Congresswoman demokrat labsoulinye vyolans gang ak zam yo ki mete peyi a sou jenou l avan l mande adminstrasyon Biden nan rekonsidere ka ayisyen pou sispann depòtasyon yo epi pwolonje TPS pou benifisyè ayisyen yo.
Senatris demokrat la, Elizabeth Warren ale nan menm sans la tou. Li mande prezidan ameriken an pou l pran konsyans sitiyasyon Ayiti pa bon, Gouvènman li a pa ka kontinye ap depòte ayisyen yo konsa.
N ap raple plizyè Òganizasyon Nasyonzini te mande pou peyi ki di yo se zanmi Ayiti yo, fè yon kanpe sou depòtasyon migran ayisyen yo, ki vin chache yon souf lakay yo pandan peyi pa yo ap travèse yon kriz san parèy.
Carl Henry Florant