Dimanch 20 avril la, 3 sòlda lame Dayiti ki tap pote ranfò nan Kenskòf mouri anba bal bandi, 6 lòt soti blese pami yo gen 2 ki blese grav. Nan kontèks sa, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak Gouvènman reyaji epi voye senpati yo bay fanmi, zanmi epi manm sòlda FADH la.
KPT a bò kote pal, fè konnen sòlda sa yo tonbe nan batay kont ensekirite a, angajman yo ap rete grave nan memwa pèp ayisyen an. «Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la voye kondoleyans li bay fanmi ki nan lapenn yo, frè ak sè zam sòlda sa yo, ansanm ak tout enstitisyon militè a». Se sa nou te li nan nòt KPT a.
Yon lòt bò, gouvènman ale nan menm sans ak konsèy la, li fè konnen sòlda sa yo pat sèlman manm yon fanmi, se pitit diy nasyon an ak defansè souverènte peyi a. «Gouvènman an salye memwa mati sa yo, li voye kondoloyans bay fanmi yo, frè zam ak tout pèp ayisyen an. Sakrifis yo ap ranfòse detèminasyon pou nou repran kontwòl teritwa nou an epi retabli lapè», daprè gouvènman.
Pi devan, de (2) tèt egzekitif la, di yo mobilize nan batay kont ensekirite a. Batay pou sekirite, diyite ak souverènte pèp ayisyen an se yon priyorite nasyonal, daprè otorite yo. Pandan tan sa nan komin Kenskòf bandi yo pran plis teritwa, yo atake plizyè katye nan komin nan tankou: Vya, Vilye, sant vil la, Platon Kafe Gibè elatriye, kote popilasyon zòn sa yo deja kouri kite kay yo akoz gwo menas bandi yo.