Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a, Frantz Elbé, akonpaye ak manm wo Kòmandman PNH la, resevwa , madi 28 me 2024 la nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti, yon pakèt materyèl ak ekipman pwoteksyon endividyèl nan kad fon konstitye (Basket Fund) gras ak patnè kominote entènasyonal la.
Nan yon nòt, enstitisyon lapolis la pa idantifye ki kalite materyèl yo ye, fòs lòd yo fè konnen ekipman sa yo vize kontribiye pou ranfòse kapasite operasyon enstitisyon lapolis la nan batay kont krim òganize sou tout fòm.

Yon lòtbò, apre l fin resevwa materyèl ak ekipman sa yo, kòmandan an chèf PNH la, renouvle volonte ak detèminasyon ajan lòd yo pou retabli lòd ak lapè nan mitan popilasyon an.