Alòske lendi 14 avril sa a prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an Fritz Alphonse Jean te dirije yon konsèy minis òdinè, pandan reyinyon sa otorite yo adopte bidjè lagè a, ki pral pèmèt gen gwo envestisman ki fèt pou reponn ak kriz k ap fini ak popilasyon ayisyen an.
Bidjè lagè sa gen ladann 36 milya goud, envestisman yo ap gen pou fèt nan sektè estratejik nan lide pou pouvwa tranzisyon an reponn ak ijans ki genyen nan moman.
Ladann, 37% nan anvlòp sa ap konsakre nan ranfòse fòs lòd yo (Lapolis Nasyonal, Fòs Lame Dayiti, sèvis entèlijans ak ekipman espesyalize), yon fason pou retabli sekirite piblik epi konbat gwoup ak zam yo ki menase estabilite nasyonal la.
Genyen tou 17,24% ki prale nan pwojè devlopman ak sekirite sou fwontyè, nan lide pou gen yon kontwòl teritoryal men tou pou kapab gen lòd nan nan zafè migrasyon an.
16.43% prale nan pwogram sosyal ki priyorite yo, sitou nan domèn edikasyon, sante, asistans imanitè ak sipò pou popilasyon vilnerab yo.
N ap raple peyi a ap konnen yon sitiyasyon difisil kote plis pase yon milyon moun kouri kite kay yo pou zak vyolans, daprè ONM. Nan sans sa, konsèy la kwè adopsyon bidjè lagè a se yon etap enpòtan nan batay pou tabli lapè ak sekirite nan peyi a.