Nan okazyon 37tyèm jounen chanpyona anglè a (2022-2023), Notimgham Forest lakay li bat Arsenal (1-0) nan stade City Ground (30 mil 447 plas) la samdi 20 me 2023. Se atakan entènasyonal Nigeryan Taiwo Awoniyi kite fè gòl la depi nan 19yèm minit match la. Avèk defèt sa Arsenal (81 pwen) pap kapab rejwenn Manchester City ki gen 85 pwen ak 3 match an reta.
Sky blue yo ranpòte 9yèm chanpyona nan istwa yo: 1937, 1968, 2012, 2014, 2018, 2019, 2021, 2022 ak 2023.
Jonathan Charles