Premye Minis lan Mesye Alix Didier Fils-Aimé te rankontre madi 8 avril la a ak plizyè reprezantan kan moun deplase yo nan yon reyinyon ki te chaje ak anpil emosyon. Nan okazyon sa a, anpil zotobre te prezan tankou Minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Minis Zafè Sosyal ak Travay la, Minis Délége bò kote Premye Minis lan ki responsab Solidarite ak Zafè Imanitè yo, ansanm ak Direktè Jeneral Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES), Direktè Jeneral Direksyon Nasyonal Dlo Potab ak Asenisman (DINEPA).
Rankont sa a te pèmèt pi gwo otorite Leta yo renouvle angajman yo pran devan tout frè ak sè nou yo ki oblije viv nan move kondisyon, lwen lakay yo.
“Leta pap janm lage nou,” se deklarasyon Premye Minis lan te fè ak anpil konviksyon, pandan li te mande tout manm gouvènman li a pou yo pran responsabilite yo ak tout seryezite. Li lanse tou yon apèl fò pou solidarite nasyonal: “Enstitisyon, sitwayen, reprezantan kan yo: ann mete tèt ansanm pou nou amelyore lavi chak moun ki deplase.”
Premye Minis lan te pran tanl poul koute tout revandikasyon yo: bezwen dlo potab, swen pou tibebe, twalèt ak asenisman, distribisyon kit ijyèn, epi plis prezans lapolis nan kan yo. Li bay direktiv klè bay ministè ak dirèksyon konsène yo pou reponn prese prese, ak aksyon konkrè.
Men Premye minis lan mete aksan sou yon objektif ki pi fondamantal: “Akonpaye moun deplase yo, wi. Men sak pi enpòtan an, se mete sekirite pou yo ka retounen lakay yo, al rejwenn fanmi yo, epi viv ak diyite.”
Rankont sa a make yon etap enpòtan nan yon repons ki gen nanm, ki pi solidè, ki pi byen òganize pou fè fas ak kriz deplasman moun yo. Gouvènman an rete mobilize nèt ale, bò kote tout moun ki kontinye kenbe espwa malgre difikilte yo.