“Protocole 17 octobre ” te deja prevwa echèk dyalòg emisfè CARICOM yo parapò ak metòd yo itilize yo. Li pa nòmal Pou CARICOM rasanble menm aktè sa yo chak fwa Pou pale menm koze yo, anplis konsèy tranzisyon 7 manb yo pwopoze se deja yon fòm pataj gato selon youn nan manb pwotokòl la, Delson cius ki kwè tou yo paka redwi problèm nan ak yon koze “bisefal monosefal”.
Pou redemare negosiyasyon yo estrikti sa pwopoze sa yo rele yon” komisyon miks” kap gen ladann 2 reprezantan CARICOM ,reprezantan sektè inivèsite a, relijyon Pou lapè, sektè prive elatriye.
Ekip sa ki viktim ensekirite a tou ap gen lidèchip pou mennen diskisyon yo, kominite entènasyonal la ka toujou asiste men li pa nòmal pou CARICOM kontinye ap fè jwèt pouvwa nan konplisite ak kèk aktè konplis, nou tap site reprezantan MAK nan pwotokòl la.
Menm jan ak sèten lòt gwoupman politik estrikti sa klè 7 fevriye 2024 dwe dènye jou ekip Ariel Henry a sou pouvwa jan sa te prevwa nan akò 21 desanm nan. Pou ranplase yo pwtokòl pwopoze yon ekzekitif” bisefal ”kap gen yon konsèy prezidansyèl 3 manb ak yon premye minis konsansis. 3 manb konsèy prezidansyèl la ap gen yon jij kasasyon onêt ki pami pi ansyen yo ak 2 reprezantan nan klas politik la.
Tranzisyon sa pral gen misyon travay pou kreye stabilite pou menen peyi a sou wout eleksyon. Poze kesyon sou ki fason yo pral retire Ariel Henry sou pouvwa a, pwotokòl la kwè pa gen lòt chwa se mobilizasyon, malgre move eksperyans nan dènye batay politik yo popilasyon an pa dwe dekouraje, yo dwe rekòmanse pile beton an sinon se nou tout kap disparèt.
”Protocole 17 ” te fè deklarasyon sa yo nan kad premye konferans pou laprès yo jedi 14 Desanm 2023 nan otèl leplaza ,kote plizyè òganizasyon politik te pwofite vin mete siyati yo anba pwojè sa. Estrikti politik sa gen ladann plizyè dizèn mouvman sosyopolitik tankou debloke Ayiti ,Mouvman ayiti kanpe ,GOCH ayiti,Ansanm Pou ayiti,Aksyon patriyotik elatriye.