Peyi Dayiti ap fè fas ak yon kriz sosyopolitik san parèy ki bay gwo kè kase. Pou pote sipò l bay premye Repiblik nwa nan mond lan rapè Fat Joe anonse yon patenarya ak òganizasyon charitab entènasyonal Food For The Poor pou kreye yon fon sekou pou sipòte Ayiti nan moman difisil li twouvel jounen jodia.
Lansman inisyativ solidarite sa a, ki rele “Fat Joe and Friends Relief for Haiti”, te fèt jedi 2 me an kolaborasyon ak rapè Ameriken orijin ayisyen Zoey Dollaz. Objektif la se ranmase lajan epi voye l dirèkteman bay Food For The Poor pou distribye bay fanmi ki nan gwo difikilte an Ayiti.
Inisyativ sa gen pou objektif rasanble tout kalite atik sekou ki esansyèl, tankou matla, dra, kouchèt, ak materyèl kizin. Fat Joe ak zanmi l yo ap akeyi tout atik nan kay la tankou savon twalèt, jèl, chanpou, bwòs dan, pat dantifris, deodoran, ak lòt ekipman materyèl pou kay tankou, recho, dra ak resipyan dlo elatriye.
Pou fasilite kontribisyon sa yo, Fat Joe kreye tou yon lis bezwen sou Amazon, ki bay aksè byen fasil pou moun ki enterese patisipe nan kòz sa a. Anplis de sa, yo aksepte don dirèk tou pou sipòte inisyativ enpòtan sa a pou Ayiti.