13 moun nasyonalite ki gen ayisyèn fè vwèl pou peyi san chapo byen bonè maten lendi 7 dawout la nan yon aksidan sikilasyon nan peyi Repiblik Dominiken.
Selon medya dominiken an LISTIN Diario, 13 moun sa yo te nan yon machin pami yo te genyen 9 gason 2 fanm ak 2 timoun.
Konpatriyòt sa yo mouri nwaye aprè machin yo te ye a tal fini kous li nan yon kanal nan katye Peñuela minisipalite Esperanza, pwovens Valvede, yon pwovens fontalye ak Ayiti.
Pami viktim yo otorite yo rive idantifye 4 ladan yo Fanes Celicourt, Fresly Ben-Alse, Fleury Deshommes ak Marie Juceline Sanitelmond. 13 viktim yo te chita kwense nan yon machin mak Toyota Forruner.
Otorite Dominikèn yo anonse yo louvri yon ankèt sou dosye sa nan lide pou konnen koz aksidan an.