Sou demand ”organisation des coeurs pour le changement des enfants démunis ” OCCED’H yon delegasyon UNICEF ki gen nan tèt li reprezantan peyi a Bruno Maes vizite anba Dèlma ak Bèlè ki gen plizyè sant deplase sitou yon seri espas OCCED’H kreye pou akonpanye timoun nan zòn sa yo ki oblije kite Kay yo akoz batay gang yo.
Sant sa yo twouve yo nan lekòl ak legliz nan katye sa yo ki epanye anba kout bal batay solino bèlè a. Pandan yon jounen Timoun sa yo benefisye yon pwogram ”spsycho social ” yo jwe danse, epi montre yo kèk jwèt edikatif sa vle di yap jwe pandan yap aprann.
OCCED’H pa gen mwayen pou bay manje pandan tout jounen an, men ti moun yo resevwa yon goute. Bruno Maes te gen chans vizite ti moun kap pran swen atravè yon pwogram ”nutrition” Kont malnitrisyon OCCED’H ap egzekite nan zòn sa depi kèk mwa ti moun yo sibi egzamen medikal epi resevwa yon kit kont maladi sa kap fè ravaj nan katye popilè yo akoz grangou.
Pou kan yo se tèt chaje, pa gen twalèt ,pa gen okenn intimite sitou nan kan ki nan ”Collège la Pléiade” se sèlman sou kèk moso dra sitwayen lonje kò yo, ladan yo gen ti gran moun, fanm ansent, delegasyon an te menm kwaze yon fanm ak yon bebe 2 mwa sou bwal anba yon vye tant, sa ki te choke Bruno Maes ki pwomèt yon sipò espesyal pou fanm sa ak timoun nan.
Vizit la te fini nan ansyen lokal ”Eglise mission Évangélique d’haiti ” nan Maya ki pap fonksyone depi plizyè lane akoz batay gang yo. OCCED’H ak sipò kèk sitwayen nan zòn nan itilizel kòm sant pou timoun yo.
Bruno Maes ki parèt choke devan sitiyasyon sitwayen pwomèt pou fè pledwaye bò kote lòt ONG pou kapab sipòte kategori sitwayen sa yo ki gen anpil difikilte pou kontinye viv nan fason sa. Responsab OCCED’H la Luca Christie rèmesye UNICEF pou vizit sa pandan lap tann plis sipò nan ONG sa pou yo kapab sipòte sitou timoun yo.
Nap sinyale selon Òganizasyon entènasyonal migrasyon gen plis pase 300 mil moun ki deplase nan peyi a akoz ensekirite, 94 pou san ladan yo soti nan kapital la. OIM pa kache enkyetid yo pou yon kantite lekòl ki abandone ,kantite timoun ki poko ka retounen lekòl .