Reyaksyon yo pa sispann tonbe swit ak deklarasyon komisè gouvenman an potoprens lan ki anonse lap met aksyon piblik an mouvman kont Izo 5 segond ,chèf gang village de Dieu a aprè atak kont palè jistis 10 jen pase a.Direktè ekzekitif RNDDH la , dil pa bay enpotans ak deklarasyon komisè a.
Pierre Esperance mande chèf pouswit la poukisa se kounya li deside met aksyon piblik kont Izo poutan li konn abitye poze aksyon malonèt . Kot Jaques lafontant te ye lè izo tap boule kadav polisye yo nan vilaj la ? Defansè dwa moun la fè konnen se gwo lajan ki toujou bay pou libere bandi yo ,nan nenpòt nivo nan jistis la .
Mesye Espérance kritike seten aktè politik ak manm nan pouvwa kap travay pou ranfosè gang yo pandan popilasyon an kontinye ap viktim.
Pierre Esperance kwè se pa Yon misyon militè kap vin chanje sitiyasyon sekirite peyi a men se pito otorite yo nan leta ki pou pran desizyon pou ranfosè polis Nasyonal la ak sistem jidisyè ayisyen an .Devan feblès ak konpliste otorite yo pou ranfòse lapolis popilasyon an dwe leve kanpe pou chanje sitiyasyon l .
Nimewo 1 RNDDH la kritike setèn jounalis kap louvri mikro yo bay bandi pou defann tèt yo pandan yo kontinye ap menase lòt moun ,sipòte gang yo pa sèlman nan près la yo nan divès lòt sektè nan peyi a selon defansè dwa moun nan