Watson Gustave alyas “Mafya” te okipe wout Piste, toupre Bilding 2004 pou rive Avyasyon. Nan Delmas 83 mèkredi 15 jen 2022 a, Polis Nasyonal DAyiti a, nan yon nòt pou laprès sou rezo sosyal li yo fè konnen prezime bandi sa tonbe anbal pandan echanj kout zam ak de (2) ekip Brigad Rechèch ak Entèvansyon (BRI).
Li te akonpaye pa yon lòt prezime bandi, ki li menm tou mouri nan afwontman sa. Lapolis pran nan men yo yon zam kalib 9 mm, otorite la polis yo fè konnen chèf gang nan, daprè done lapolis, te espesyalize nan detounen kamyon ak kidnaping.
JKC