Jeanty Simon, responsab APCH nan Aken, konfime ke gwoup Izo nan Vilaj de Dye detounen epi kidnape jodi vandredi a alantou 8 nan maten, 2 bis ki fè trajè Miragwan/ Pòtoprens ak yon trantèn pasaje. Sendikalis la pwofite sitiyasyon sa a, pou li mande lòt chofè Miragwan yo pou evite wout Matisan nan moman sa a.
Sendikalis Jeanty Simon konfime 2 bis ki asire trajè Miragwan/Pòtoprens detounen nan Matisan ak tout pasaje
Mwen se Jean Kenson,jounalis Tele pam. Mwen itilize metye sa poum bay nouvèl men tou touche konsyans tout moun yon fason pou ede kolektivite a.