Nan yon kominike Polis nasyonal Dayiti ansanm ak Misyon miltinasyonal la mete deyò, yo demanti enfòmasyon sèten medya etranje pibliye, ki fè konnen Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal (MSS) la pa sipòte Polis Nasyonal Dayiti (PNH) nan operasyon kont gang yo, fòs lòd yo enfòme manm popilasyon an ak laprès, ke MSS la toujou enplike nan operasyon yo ansanm ak PNH la.
«Nan komin Kenskòf tankou sou tout lòt fwon yo, Polis Nasyonal Dayiti ak Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MSS) la ap travay nan tèt kole nan kad aksyon ki vize kontinye batay kont gang yo nan peyi a», daprè kominike a.
Pi devan kominike a fè konnen Direktè jeneral a.i PNH la, NORMIL Rameau ak kòmandan MSS la, Enspektè Jeneral Godfrey Otunge, devlope bon jan relasyon, yo toujou ap revize estrateji pou yo ka pi byen manyen dosye ensekirite a.