Nan yon konferans pou Laprès responsab yo bay nan otèl Karibe Convention Center, vandredi 19 janvye 2024, yo deklare y ap travay ak otorite Leta yo pou rive jwenn sous k ap fabrike epi moun k ap vann fo boutèy Rhum Barbancourt an sou teritwa ayisyen an.
Direktè Jeneral Rhum k ap desèvi popilasyon ayisyen an ak tout mond la depi 1862 a, Delphine Nathalie Gardère, di li endinye pou zak malonèt sa yo endividi yo pa idantifye ap komèt sou non konpayi a. Madam Gardère raple tout kliyan yo pwodui Barbancourt yo prepare ak anpil swen paske “Sante kliyan nou yo priyorize pou nou”. Se pou sa pwodui konpayi a gen yon so moun pa ka kopye byen klè ki tache nan kòl boutèy la. Madam Gardère pale tou sou fason yo prepare Rhum ki klase 6yèm pi bon rhum nan mond la nan lane 2023, ki anpeche l gen yon kontaminasyon kèlkonk.
Yon lòt kote, mèt distilatè Jean Marc Ewald, fè konnen yo analize fo boutèy Rhum Barbancourt k ap vann sou ilegal sou mache a nan laboratwa, espesyalis yo rive jwenn 9 fwa plis metanòl pase metanòl nòm entènasyonal la mande a. Pwodui a chanje koulè ki atire sou wouj ki diferan totalman ak rhum Barbancourt orijinal la.
Prezidant konpayi a di y ap travay kounye a ak Ministè sante piblik ak popilasyon ayisyen an ak Ministè komès pou rive met men sou tout fo pwodui yo epi pou yo rive arete koupab yo. Gen plent fomèl ki depoze pou sa. Responsab yo pandan y ap kontinye travay mande popilasyon an fè anpil pridans ak fò Rhum Barbancourt sa malfra ap vann sou mache a.
Carl Henry Florant