Vitès kriz la pran dènye jou sa yo enkyete divès sektè nan lavi nasyonal la, sa ki pouse divès gwoup ap reflechi yon pi bon estrateji poun soti nan latwoublay sa. Nan sans sa yon gwoup nan sosyete sivil la fè pwopozisyon sa a.
Nan okazyon Premye Janvye 2024 ki te fè nou menm Ayisyen 220 lane depi nap viv lib e libè, nan yon peyi grandèt majè, nou menm Gwoup Entèrelijye, nan peyi a, ak sipo Sosyete Sivil la, te lanse yon mesaj rekonsilyasyon bay tout pép Ayisyen an.
N ap raple tout Ayisyen, anpil evenman ki make listwa peyi nou an, peze lou nan sitiyasyon sosyal ak ekonomik nou ki vin pi grav nan jou sa yo. Nan moman kote li pi fè nwa, se lè sa a pou nou konnen limyè pa Iwen pou li briye. Si nou pa deside gade nan direksyon limyè nou pap ka wè limyé. Pèp Ayisyen an bezwen gade nan menm direksyon, li pa ka direksyon fènwa. Direksyon fènwa se vyolans, vyòl, kidnapin, kraze brize, koripsyon, detounen lajan leta, mizé, gouvènans degrenn gòch
Moman an rive pou pèp Ayisyen gade nan direksyon limyè pou li koumanse konstwi yon peyi ki gen dwa grandèg majè li, k ap limen devan linivè, kote tout moun egalego nan lapè ak viv ak fyète nan kilti ya. Pou nou konstwi peyi sila a, nou dwe dakò travay men nan men, pou fè respekte dwa moun, fè blayi lajistis, laverite epi repare viktim yo, pou nou fini ak vyolans epi vanse sou chimen padon ak rekonsilyasyon pou devlope Ayiti nou an pou tout pitit li yo benefisye.
Pou nou pran chimen sila a, n ap mande tout Ayisyen nan peyi a kou nan diaspora a, nan tout sekté lavi nasyonal la pou yo reflechi sou pi bon fason pou nou mete baz pou estabilize peyi a. Nan sans sa a, nou menm ki nan sektè relijye peyi a mande sektè prive nan kapital ak nan depatman yo, sektè politik la tout kategori ak lòt òganizasyon nan sosyete sivil la, pou nou chita ansanm pou n vanse.
1- Nan lide pou mete nou pi pre lalwa san nou pa inyore lòt lide ki kapab mete nou sou bon direksyon, nap mete yon prezidans ki chita sou atik 149 vèsyon Kreyòl konstitisyon 1987 la ki voye nou nan Kou Kasasyon. Answit lap alye ak 2 ou sinon 4 pèsonalité ki sòti nan divés sektè nan vi nasyonal la pou fòme yon Konsèy Prezidansyèl.
2- Fome yon gouvènman nan tèt kole, san pati pri, ki chita sou bon pwofil teknisyen angaje. Moun ki Ayisyen e ki gen yon vrè lanmou nan kè yo pou peyi a, ki gen bon jan fòmasyon, tout moun konnen pou angajman yo nan yon sektè lavi nasyonal la. Epitou, ki pa gen repitasyon eskanmòtè, nou pa sispèk ki nan koripsyon ak lòt zak ki kontrè a sa la lwa di, ki gen kapasite pou negosye san pati pri.
3- Prepare yon plan gouvènans ki gen pou priyorite sekirite, remete kanpe ekonomi peyi a ak redrese sityasyon pèp la, batay kont koripsyon epi òganize eleksyon:
4- Òganize konferans nasyonal pou reflechi sou wout pou nou pran ak peyi a;
5- Mete sou pye yon komisyon nasyonal verite jistis ak rekonsilyasyon sou baz rekòmandasyon relijyon yo ak sosyete sivil la pou favorize konfyans popilasyon an;
Mete kanpe yon Konsèy Elektoral san paspouki, kote chwa manm yo va fèt jan vėsyon kreyòl konstitisyon 1987 la mandel la.
Plizyè gwo pèsonalite siye anba nòt sa.
________________________
Pastè Gelin Rosamour
Vis Prezidan, FPH
________________________
Ketly Adam Surin
Sant Kretyen pou lavi piblik, Ayiti
________________________
Pierre Jean Gustave
Konsil Evèk Pwotestan Ayiti
_______________________
Adely Schnaida
Relijyon Pou la Pè, KNVA
_______________________
Lundad Marseille
Wayòm Vodou Ayisyen
______________________
Isac Elien
Fowòm Vodou Ayisyen
SOSYETE SIVIL AK DYASPORA AYISYEN
_______________________
Jordani Vladimi Pluviose
______________________
Blandine Beauvais
_______________________
Gérard Laborde
____________________
Rév. Père Miguel Auguste
_______________________
Sendikalis Sonson Dumé
____________________
Magguy Clérié
_______________________
Sonel André
____________________
Johnny Cilneus
_______________________
Mèt Darbenzky Gilbert
____________________
Rubens Valcius
_______________________
Edison Jules
____________________
Gamanuel Brutus
_______________________
Pastè Luc Lefort Fontus