SPORT-PAM-QATAR 2022: PEYI QATAR PRAN GWO DESIZYON E POZE KONDISYON POU MOUN KA FÈ BAGAY ( SEXE) NAN PEYI QATAR.
Peyi Qatar pran yon desizyon ki fè anpil pale anpil nan Mond football la, kote peyi Qatar pran mezi drastik sou fè bagay (sexe) pandan mondyal la.
Nan regleman peyi Qatar pran tankou:
1-entèdi demonstrasyon afeksyon piblik.
2- entèdi relasyon Homoseksyèl e sodomi.
3-li Mande medam yo,
-fok epòl yo kouvri
-pa mete Jip ki rive sou jenou, fok li long.
-pa mete rad dekolte.
Selon Peyi Qatar, Depi moun vyole regleman sa yo, Wap pran 7 lane prizon. Kit li te jwè, kit li te fanatik, kit li te dirijan.
Antouka, tout règ gen paspouki, se selman moun ki marye kap ka pran plezi fè bagay nan peyi Qatar Pandan mondyal la.
Si Chak mondyal rive, medam pwostitiye yo se moman pou yo fè lajan, ebyen peyi Qatar retire bagay sila a.