Envestigatè Biwo Lit kont Trafik Dwòg (BLTS/DCPJ) ki nan detachman nan Nò a te mennen yon operasyon lendi 29 avril 2024 la ansanm ak ajan Brigad Siveyans Ladwàn nan Okap pou fouye konntenè nan Cap Terminal S.A (CTSA) nan “Quartier-Morin”. Andedan yon konntenè ajan yo dekouvri de (2) zam kalib pistolè 9 mm, trèz (13) Katouch kalib 9 mm, ak de (2) chajè yo dekouvri nan yon doum ble.
Kontenè sa a, imatrikile KOSU 461487-6 ak nimewo sele: KOSL 298594/231331, te soti nan peyi Etazini, se ajans ALLIANCE INT’L SHIPPING LLC, 6916 NW 72ND AVENUE MIAMI FL. 33166 ki te pote l. Li t ap rive jwenn an Ayiti Wilking ETIENNE, ki fèt an 1984 Okap, ki idantifye ak nimewo 004-988-024-8.
Apre dekouvèt sa a, Jacques JOSEPH, reprezantan benefisyè a, idantifye nan nimewo 006-497-402-3, jwenn arestasyon l pou patisipasyon li nan trafik entènasyonal zam ak bal.
Daprè PNH la yon Jij depè nan jiridiksyon an te fè epi drese yon rapò legal. Pou kounya, Jacques Joseph nan prizon pandan l ap tann aksyon legal yo.