Atis entènasyonal ayisyen an, Wyclef Jean soti nan yon long silans sou dosye Ayiti. Atis la mande Premye minis ayisyen an, Ariel Henry, pou l kite tèt peyi a li okipe enkonstitisyonèlman la, pou evite plis san koule sou teritwa nasyonal la nan yon mesaj li pibliye sou kont X li (ansyen aplikasyon Tweeter) jou ki te mèkredi 24 janvye 2024.
Anpil vwa kontinye ap leve kont pouvwa an plas la dènye tan sa yo pou fason y ap mennen bak peyi a. Ensekirite a kontinye ap vale teren chak jouk k ap pase. Bandi ap mete moun deyò lakay yo pran plis teritwa, kidnapping lan ap fè raj, mete sou lavi chè a ki ogmante grangou tou patou nan peyi a. Se tablo sa obsèvatè nan nivo nasyonal tankou nan nivo entènasyonal drese pou fè bilan PM nan, nan tèt peyi a depi aprè lanmò ansyen prezidan ayisyen an Jovenel Moïse.
Wyclef Jean nan lide sa mande newochirijyen an pou l remèt kle Primati a, pou evite yon lagè sivil eklate nan peyi a. Sa ki ka fè l pase pou yon kriminèl lagè. “Demisyone pi vit posib nan pòs enkonstitisyonèl chèf Leta ilegal la epi evite pou w tounen yon kriminèl lagè. Si w fè sa w ap evite yon ben san nan peyi a.” Se sa Wyclef Jean deklare sou kont X li.
N ap raple anpil mouvman prwotestasyon tanmen nan peyi a pou fòse chèf gouvènman ayisyen an, Ariel Henry, kite tèt peyi a depi plizyè semèn. Gen manm nan opozisyon ki fas pouvwa ki menm bay PM nan dèle 7 fevriye 2024 la pou li remèt kle Primati a.
Carl Henry Florant