Alòske depi plis 2 mwa gang ak zam ki te anvayi Kafoufèy pouse anpil fanmi kite kay yo al refijye nan lekòl piblik yo, devan sitiyasyon sa, mèkredi 15 novanm pase a, apre yon gwo chita pale plizyè antite deside mete sou pye yon komisyon ki pral gen pou travay sou dosye sa pou pèmèt timoun yo retounen nan sal klas yo pi rapid.
Chita pale sa te gen delegasyon Depatmantal lwès la, ak divès enstans nan leta a diskisyon, diskisyon yo te chita sou dosye refijye Ki nan lekòl piblik yo.
Delege depatmantal lwès la , Pierre Gary Bernadotte ak enstans konsène sa yo deside mete yon komisyon ijans sou pye, ki gen DDO ( Delegasyon Depatmantal lwès), CAS (Caisse Assistance Sociale ), meri Pòtoprens, pwoteksyon sivil, FAES( Fonds Assistance économique Sociale ) Edikasyon Nasyonal ak PNH (police Nationale D’haïti).
Daprè konsène yo, Komisyon sila pral travay sou evalyasyon sit yo, debleye lekòl piblik yo ak sipòte viktim yo. Se yon fason pou elèv lekòl nasyonal yo kapab rantre nan klas nan yon tan ki pa twò long
Nap raple refijye ki okipe espas lekòl piblik yo lakoz anviwon 20 000 elèv pa gen aksè ak sal klas yo pou ane eskolè 2023-2024 la.