
Dram nan otèl « Mon Rêve Hôtel », ki nan ri Kapwa nan Pòtoprens jounen lendi 10 jiyè a, kote yon sitwayen ki rele Léonel Forestal mouri pandanl tap fè bagay, fanm li te nan relasyon avèk li a kouri kite otèl la san responsab yo pat gentan wè sa.
Selon enfòmasyon ajans Le Facteur
Kò Forestal te alonje atè a devan kabann lan epi te gen yon kapòt sou kabann lan. Fanm ki te akonpanye li an pote ale bous ak telefon li.
Aprè responsab yo te dekouvri kò a yo te rele touswit lapolis epi yon jij de pè pou vin fè konsta legal yo.

Plizyè moun te vin nan espas la ki prezante tèt Yo kòm pwòch Forestal espesyalman madanm li ki fè konnen maril te gen 55 lane. Nap raple se pa Premye fwa ka sa yo ap repete nan otèl sa yo nan Pòtoprens.