Ayiti/manifestasyon: 7 Moun soti blese nan manifestasyon Jacmel madi 24 dawout, 5 pami yo blese a nan moman manifestan yo tap tante mete dife nan yon stasyon sevis ki rele “Ponp Pèp” epi 2 lot moun yo se polisye ki blese pandan manifestasyon . Gen 3 polisye tou ki soti blese nan jounen protestasyon sa tou selon enfòmasyon .
Plizye santèn sitwayen te pran lari a Madi 24 dawout la nan komin Jacmel pou denonse lavi chè ak ensekrite.
Pandan Mouvman pwotestasyon sa 7 moun soti blese anba bal pami yo 2 polisye aprè tantativ pou te mete dife nan Yon ponp gaz nan vil la .
Timothé Jeff, Jude Désir, Darley Content, Ardan Sauveur et Denis Lainé ap resevwa swen nan lopital Saint-Michel Jacmel la .
Pou kounya otorite konpetant yo.nan sides peyi a poko idantifye ote zak sila .