Nan okazyon 13yèm anivèsè tranblemanntè devastatè 12 janvye 2010 la, Premye Minis Ariel Henry mande inite, rekonsilyasyon, rekonstriksyon ak relèvman sosyo-ekonomik pou nasyon an. PM nan deklare “faktè sa yo konstitye pi bèl omaj peyi a ka rann viktim nou yo”.
“13 ane apre katastwòf 12 janvye 2010 la, pèp ayisyen an toujou sonje plizyè milye moun ki te mouri, ki te blese, ansanm ak yon pakèt domaj materyèl,” se sa Newochirijyen an te ekri sou twitè.
[2/3]
L'unité, la réconciliation, la reconstruction et le relèvement socio-économique de la nation constituent le plus bel et le plus vibrant hommage que nous puissions rendre à nos victimes.
— Dr Ariel Henry (@DrArielHenry) January 12, 2023
Chèf gouvènman ayisyen an espere ke “tranbleman tè devastatè 12 janvye a enspire nou epi montre nou yon lòt fwa ankò chemen solidarite, fratènite ak chanjman reyèl pou benefis peyi nou”.
Li bon poun raple nan dat 12 janvye 2010 a 4:53 lè lokal, yon tranbleman tè mayitid 7,3 sou echèl Richter te tranble peyi a. Nan sèlman 35 segonn, dram trajik sa te lakoz anpil dega nan kapital ayisyen an ak nan vil pwovens yo, anviwon 300 000 moun te pèdi lavi yo ak plis pase plizyè santèn milye lòt te blese. Anpil bilding, kay ak biznis te detwi. Nan kapital la, 1.5 milyon viktim te anrejistre.
Jean Kenson CARRIES (JKC)