Nan rapò Lapolis rann piblik yo fè konnen sou administrasyon Frantz Elbé a yo deja kraze 6 gang sou tout teritwa a pami yo baz ti makak la ,yo libere 147 otaj 17 ladan yo nan latibonit. Gen 268 bandi ki tonbe anba bal fòs lòd yo, 421 zam sezi ak plizyè milye bal.
Nan menm rapò sa lapolis anonse yo fè 10,386 arestasyon pami yo 654 prezime bandi 9732 pou lòt enfraksyon. Nan dokiman sa Lapolis raple gwo pase men ki fèt nan enstitisyon sa pandan ekzèsis fiskal 2021-2022, 2022-2023.
Pandan egzèsis sa 2948 polisye te rive revoke pou abandon, 149 polisye ak anplwaye administratif revoke apre yo pat retounen travay aprè yon ” mise en disponibilité ”. Gen 66 polisye ki ranvwaye sou desizyon enspeksyon jeneral epi gen 123 demisyon ki te rive aksepte.
Nan sa ki gen pou wè ak dosye finans, soti mwa oktòb ak desanm 2023, 1287 chèk te retounen nan ministè ekonomi ak finans pou 324 fonksyonè ki gen ladannn polisye ak anplwaye administratif. Yon montan total chèk 401,693,076.00 mil goud 223 ,444,147 .00 pou ane 2021 2022 epi 178,248,829.00 pou ane fiskal 2022 2023 .
Pou dosye kad debi, soti novanm ,Desanm 2023 Pou rive 17 janvye 2024 1847 kat debi BNC pat delivre, epi gen yon kantite kat debi ki anile pou fen ane fiskal 2022-2023 ki evalye ak yon montan 150,830 687,41.
Malgre sitiyasyon sekirite a pa sispann deteryore Direksyon jeneral polis la bay tèt yo yon satisfaksyon sou ansanm travay yo di yo fè nan peyi a epi anndan enstitisyon sa ki gen anpil pwoblèm sitou parapò ak plizyè santèn polisye ki abandone PNH la pou pwogram biden ak Canada elatriye.