Apre gwo eskandal sèksyèl ki te souke foutbòl ayisyen, nan dat 11 desanm 2020, Biwo la FIFA a te deside nonmen yon komite nòmalizasyon pou dirije Federasyon Foutbòl Ayisyen an. Komite sa te genyen kòm pèsonalite : Michaëlle Jean (Prezidan), Monique André (Vis-Prezidan), Jacques Letang (Manm), Yvon Sévère (Manm). Kèk semèn apre, Madam Michaël Jean pa t dakò pran responsablite mennen bak Komite sila . Nan mwa fevriye 2021 an,la FIFA anonse chanjman nan premye piblikasyon li konsènan Komite Nòmalizasyon FHF la. E se Jacques Letang ki te pran tèt komite a nan plas ansyen Gouvènè Kanada a.
Misyon Komite Nòmalizasyon an se te jere FHF la pandan yon 2 lane, revize lwa li yo, òganize eleksyon pou mete yon nouvo komite egzekitif epi finalman asire yon bon tranzisyon nan zafè finansye ak nouvo komite egzekitif ki ta pral pran tèt FHF la. Apre 5 mwa nan tèt komite a, fas ak anpil difikilte yo rankontre, Jacques Letang kraze kite sa li remèt demisyon li.
Apre demisyon Jacques Letang nan dat 1ye jiyè 2021, FIFA te asire federasyon foutbòl ayisyen an ke yon nouvo prezidan pral pran tèt komite sa a. Jouk jounen jodi a, pòs prezidan Komite Nòmalizasyon an rete vid.
Anplis de sa, pèsonn pa bezwen kase tèt li poul wè Madam Monique André ak Mèt Yvon Sévère pa ka fè fas ak defi sa a, daprè ekspè yo, se yon gwo defi. Nan kòmansman 2022, manm komite yo te kòmanse ak kèk demach bò kote Ministè Jènès, Espò ak Aksyon Sivik; bò kote klèb premyè ak dezyèm divizyon. Negosyasyon yo te chita sou kesyon kaye dechaj klèb yo epi posibilite pou chanpyona nasyonal yo te reprann nan peyi a. Malerezman, pat gen okenn akò ki te siyen ant ofisyèl komite yo ak lidè klèb yo pou nòmalize ak rekòmanse foutbòl la nan peyi a.
Pandan tan sa, 30 novanm kap vini la, manda komite nòmalizasyon an pral fini, pwoblèm foutbòl ayisyen an toujou pa rezoud: Pa gen okenn politik pou amelyore jwèt la ; pa gen enfrastrikti ; klèb yo ap konnen yon sitiyasyon ekonomik difisil, jwè yo lage poukont yo; jenn talan yo pa ankadre… Poun fini li pratikman enposib pou Madam Monique André ak ekip li a fè yon mirak nan kèk mwa pou nòmalize FHF la, revize lwa yo, òganize eleksyon yo. Kesyon tout moun ap poze : èske FIFA vle nòmalize toutbon sitiyasyon konplike foutbòl la nan peyi Dayiti?