Bandi nan site doudoune ,group alye baz 400 mawozo asasine omwen Yon dizèn moun nan lokalite Marassa nan komin Croix-des-Bouquets byen bonè samedi 20 dawout la .Pami viktim yo gen 3 moun nan yon Sèl fanmi ,Joseph Fils ak 2 pitit fil Sarah ak Norwood Desanclos .
Selon enfomasyon yo Bandi yo te vle kidnape Yon group moun ki te nan Yon tap-tap ak Yon Suzuki Grand Vitara men pasaje yo te deside kanpe an kwa kont zak sa .
Bandi yo ki te move akoz konpotman sitwayen sa yo deside louvri kout zam épi mete dife sou moun ki te trouve yo nan Suzuki a.
Fos lòd yo depi plizyè lanse yon seri operasyon kont group gang 400 mawozo yo.Selon enfomasyon yo lanmò san jou ta lage nan mawon pou chape poul li anba atak polis Nasyonal Dayiti.Sepandan Za ki pase maten an prouve lapolis ta dwe chaje estrateji pou Finalman fini ak gang sa nan kwadeboukè.
Ayiti/Ensekirite : Neg ak zam nan komin Croix- des- Bouquets touye 10 moun nan lokalite Marassa
Mwen se Jean Kenson,jounalis Tele pam. Mwen itilize metye sa poum bay nouvèl men tou touche konsyans tout moun yon fason pou ede kolektivite a.