Frantzy Pierrot se katriyèm jwè ayisyen ki kalifye pou l patisipe nan gwo konpetisyon ewopeyèn sa ki reyini yon pakèt sipèsta nan foutbòl mondyal la. Izrayelyen yo nan Maccabi Haifa, klèb kote Pierrot ap jwe a, jwenn kalifikasyon yo madi 23 dawout la kon Etwal Wouj Bèlgrad (2-2, 5-4 total). Douz ane apre, ekip Izraelyen an te konte sou yon bon Frantzy Pierrot pandan baraj poul te jwenn tikè poul al 68yèm phase lig chanpyon yo.
Atankan ayisyen ki soti Okap la antre nan sèk trè fèmen jwè ayisyen ki kalifye pou jwe nan faz gwoup UEFA Champions League la. Twa (3) lòt jwè te fè sa avan li, se ansyen atakan an, Wagneau Eloi ki te jwe konpetisyon sa a de fwa, ak klèb franse yo, RC Lens (1998-1999), AS Monaco (2000-2001), lateral Réginal Goreux te fè li ak Standard de Liège pandan sezon an (2009-2010) ak tou Donald Guerrier ak FK Qarabag pandan sezon an (2017-2018).
Entènasyonal ayisyen an (22 seleksyon, 14 gòl) se otè senk (5) nan disèt (17) gòl Maccabi make nan kanpay ewopeyen sa a, sa ki te pèmèt li kontribiye anpil nan retounen klèb Izraelyen an nan gwoup Lig chanpyon yo pou premye fwa apre sezon 2009-2010. Atakan ayisyen an se pi gwo bitè faz kalifikasyon sa a ak 5 gòl li make nan 6 match jwe.
Lè nou konsidere enpòtans ayisyen yo bay UEFA Champions League la, ebyen li klè sezon sa a fanatik foutbòl yo ap gen je yo fikse sou yon jwè ayisyen. Jwe konpetisyon sa a se yon gwo valè ajoute pou karyè pwofesyonèl Pierrot, anplis, jwè a ka espere kwaze ak gwo jwè nan mond lan, tankou: Leo Messi, Benzema, Sadio Mané, Mo Salah,Neymar, Kevin Debruyne ak anpil lòt ankò.