Ekip Al-Nassr la anrejistre 13yèm viktwa l nan chanpyona pou sezon sa lèl bat Damac FC (0-3). Se 2yèm fwa Ronaldo fè 3 gol nan yon sèl match pou ekip Al-Nassr lan.
Nan okazyon 18tyèm jounen chanpyona Arabi Sawoudit la moun plus konnen sou non “Saudi Professional League”, ekip Al Nassr la al kraze Damac FC lakay li (0-3) nan stad Prince Sultan Bin Abdul Aziz (kapasite 20 mil plas), samdi 25 fevriye a.
Nan rankont sa,entènasyonal Pòtiguè a Cristiano Ronaldo make 3 gol, premye a nan 18tyèm minit sou penal, 5 minit aprè li make 2yèm gòl Al Nassr la ki se tou dezyèm gòl pèsonèl li nan match la epi 3yèm gòl la CR7 te enskril nan 44yèm minit.
Aprè bèl viktwa sa, ekip Al-Nassr la ap mennen chanpyona kote li premye ak 43 pwen.Cristiano Ronaldo bò kote pa l gentan fè 8 gòl nan 5 match li gentan jwe nan chanpyona sezon sa.
Elye goch Pòtigè a ki gen 38 lane kontinye ap rantre pi fon nan listwa, triple li make jodia se 62yèm triple li gentan fè nan bèl karyèl lan.
Men pou ki ekip CR make 62 triple sa yo:
-Li make 3 triple pou Manchester United soti sezon 2003-2009 epi 2021-2022
-Li enskri 44 avèk Real Madrid kòmanse sezon 2009 rive 2018.
-Ak Juventus de Turin Ronaldo enskri tou 3 triple soti sezon 2018- 2021
-Ak Seleksyon Pòtigal la Ronaldo fè 10 triple kòmanse nan lane 2003 rive jounen jodia.
-Pou ekip Al Nassr lan li rejwen apre mondyal la meyè bitè tout istwa “Ligue des Champions an” deja fè 2 triple nan sèlman 5 match nan chanpyona.
Jonathan Charles