Machin ensekirite a kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an. Nan lannwit mekredi 22 fevriye a pou pipiti 4 moun asasine nan delmas 31.
Zak sa pase nan yon zòn ki rele site Okay. Se endividi ki te gen gwo zam lou ki tap sikile nan yon machin mak Nissan Pathfinder, ki te louvri kout zam sou sitwayen yo. Asasen yo rive kite zòn lan san kè sote aprè fiziyad la.