Vandredi 3 mas 2023, antrenè ekip nasyonal Ayisyen an, Jean Jacques Pierre, soti yon lis 23 jwe pou pwochen match “Ligue des nations yo”. Gen jwè tankou Duckens Nazon, Frantzdy Pierrot ki retounen pou vini jwe pou seleksyon ayisyèn nan. Kapitèn nan Jhonny Placide pa jwenn konvokasyon l paske li blese.
Nan pwochen fenèt joune FIFA, Ayiti pral lakay Montserrat 25 mas kap vini la; 3 jou aprè l’ap resevwa ekip Bermudes la. Seleksyon ayisyèn nan fè pati gwoup B a nan “Ligue des nations” zòn Concacaf.
Nan lis sa, seleskyon an benefisye retou plizyè jwè kite deside pat jwe pou Ayiti depi kèk tan, non yo se Duckens Nazon , Frantzdy Pierrot ak Martin Expérience. Garison Innocent (22 lane) jwenn benediksyon antrenè pou premye fwa, li vini ranplase kapitèn nan Jhonny Placide malerezman ki blese.
Men lis la konplè:
Gadyen:
GARISSONE INNOCENT
ALEXANDRE PIERRE
JOSUE DUVERGER
Defansè:
RICARDO ADE
CARLENS ARCUS
ALEX CHRISTIAN
ANDREW JEAN-BAPTISTE
MARTIN EXPERIENCE
STEVEN SEANCE
DJIMY-BEND ALEXIS
Mitan teren:
BRYAN ALCEUS
LÉVERTON PIERRE
CARL-FRED SAINTHE
DANLEY JEAN-JACQUES
DERRICK ETIENNE
SIMONSEN JEPPE
Atakan:
CARNEJY ANTOINE
PIERROT FRANTZDY
DUCKENS NAZON
MONDY PRUNIER
DANY JEAN
DONALD GUERRIER
CHRISTOPHER FREDLER
Jonathan Charles