12 mas 2021, nan yon operasyon ki te vize al deloje nèg ak Zam nan “Vilaj de Dye” 6 polisye pami yo 5 te mouri epi yon lòt te disparèt. Stanley Eugène, Ariel Poulard, Georges Renoit, Georges Vivender Alexis, Wislet Désilus ak Lucdor Pierre (disparèt) se non 6 ajan sa yo ki te ale nan operasyon sa men ki pa janm retounen.
Vandredi 12 mas sa, sou lòd Wo kòmandman Polis Nasyonal Dayiti yon operasyon polisyè te vire an dram. Gwoug gang nan “Vilaj” te touye epi dekapite kò polisye sa yo ki te pran nan pyèj anndan site sa ki twouvel nan Sid Pòtoprens.
Pandan Kèk èdtan polisye sa yo ki te twouve yo kwense anndan blennde a tap rele mande sekou men otorite yo nan PNH la pat janm voye ranfò yon fason pou te sove lavi polisye sa yo. Aprè masak sa, nèg ak zam yo rann piblik yon videyo trajik kote yo tap imilye kò ajan sa yo.
Malgre pwomès otorite yo nan epòk sa, fanmi viktim yo jis jounen jodia pa janm jwenn kò polisye sa yo pou te òganoze fineray. Plis ankò selon kèk òganizasyon dwa moun chèf yo nan lapolis la ak nan wo nivo leta ta peye pou te rekipere yon machin blennde bandi yo te sezi.
2 lane aprè dram sa pa gen okenn pouswit jidisyè ki angaje kont pèsonn, okenn siperyè nan wo kòmandman PNH la nan epòk sa pa peye pou echèk operasyon sa. Sèlman enspektè Carl-Henry Boucher ki te nan izolman pandan yon bout tan. Yon lòt bò bandi yo nan sid Pòtoprens lan toujou kontinye ap fè move zak yo, sitiyasyon ki gen pou wè ak sekirite peyi a vin pi malouk, lapolis ak leta montre yo paka bay repons ak aksyon nèg zam yo.