
Kredi foto : Internet
23 881 etranje ki an sitiyasyon iregilyè eskpilse sou teritwa dominikèn nan mwa jen pase a, pami yo gen 23 877 ki se resòtisan ayisyen yo ye.
Selon yon rapò otorite Dominikèn yo rann piblik lòt etranje yo se 2 ameriken ,1 Onndiryen ak 1 Polonè. Etranje sa yo arete nan kad yon seri operasyon ki te reyalize sou ansanm teritwa dominiken an tankou Santiago Rodríguez, Jarabacoa, Constanza, La Vega, Barahona, Pedernales, San Juan de la Maguana Azua, Baní, La Altagracia, Jimaní, Elías Piña ak Grand Saint Domingue.
Direktè jeneral migrasyon an, Venancio Alcántara, presize aksyon sa yo se rezilta ranfòsman efò prevantif ak stratejik pou kontrekare pil etranje kap rantre ilegal anndan peyi a.