Badin Maclise polisyè 30tyèm pwomosyon tonbe anba bal nan katye Morne Hercule komin Petyonvil aswè samdi 28 oktòb la, nan yon sikonstans ki pa fin twò klè daprè kòdonatè SYNAPOHA Lionel Lazarre.
Sou rezo sosyal yo entènot ka remake foto kadav viktim nan ak yon kòsaj vèt bout pantalon nwa, zam li sou vant li.
Nap sinyale sa fè 2 polisye ki tonbe nan week-end sa, vandredi 28 oktòb la yon polisye ki rele Félix Fegens tonbe anba bal nan Dèlma 24.
Soti Janvye pou rive mwa oktòb sa 32 polisye mouri ak bal nan peyi a selon chif Sendika Nasyonal Polisye Ayisyen yo SYNAPOHA.