Tiraj pou eliminatwa mondyal 2026 pou zòn Concacaf la fèt jodi jedi 25 fevriye 2024 la. Seleksyon nasyonal ayisyen maskilen an, tonbe nan poul C ki gen ekip ki parèt pa nan menm nivo ak li. Grenadye yo pral batay pou yon premye tan pase premye tou, apresa pou yo al goumen pou biyè kalifikasyon mondyal la.
Ayiti konnen ak ki moun li pral goumen pou l kalifye pou Mondyal 2026 la. Daprè tiraj ki fèt pou eliminatwa mondyal 2026 la, Seleksyon maskilen ayisyen senyò a tonbe nan poul C a ak Curaçao, Sainte Lucie epi Barbade. Twa (3) ekip sa yo, Grenadye yo ta sipoze kapab rivalize si n pran pozisyon yo nan dènye klasman FIFA a : Ayiti 89èm, Curaçao 90èm, Ste Lucie 167èm, Barbade 178èm ak Aruba 193èm.
Mondyal sila pral fèt nan 16 vil nan twa (3) peyi Etazini, Meksik ak Kanada. Uit (8) ekip nan zòn Concacaf la ap gen aksè pou diskite faz final la Koupdimond sa ki ap gen 48 ekip daprè Federasyon foutbòl entènasyonal Asosiyasyon an (FIFA). Ayiti pral jwe premye tou sa a, nan mwa jen 2024 la ak mwa jen 2025 la.
Eske seleksyon nasyonal maskilen ayisyen an ap kalifye pou yon lòt mondyal après koupdimond 1974 la ?
Carl Henry Florant