Premye twoup Misyon Miltinasyonal ka deplwaye an Ayiti nan fen mwa me k ap vini la. Ezetazini ak Kenya anvizaje pou voye premye twoup yo nan peyi Dayiti pandan prezidan Ruto ap rive Washington pou yon vizit deta 23 me 2024.
Se jounalis Ameriken Jacob Johnston ki devwale enfòmasyon sa ki gen rapò ak deplwaman Misyon Etranje a ann Ayiti.“Etazini ak Kenya prevwa voye premye twoup yo an Ayiti pandan prezidan Ruto ap rive Washington pou vizit leta li a 23 me.” se sa jounalis la ekri sou kont X li.
Nap raple Wiliam Ruto kèk minit apre sèman an epi enstalasyon konsèy prezidansyèl tranzisyon an, te anonse jedi pase a peyi li pare pou deplwaman twoup li yo an Ayiti.