Nan kad yon pwogram èd militè, administrasyon Biden apwouve 60 milyon dola pou peyi Dayiti nan kad batay k ap mennen kont gang yo k ap simen latwoublay anndan peyi a depi kèk tan.
Daprè ajans Politico Èd militè sa se plis yon èd k ap gen ladann materyèl tankou: 80 Humvees, 35 transpòtè MaxxPro, zam presizyon, bal, dwon siveyans, elatriye.
Memorandòm konpetans pou retrè lajan sa endike desizyon sa pran pou pèmèt Etazini kapap voye ekipman ak materyèl bay Polis Nasyonal Dayiti a ak peyi kap fè pati fòs misyon miltinasyonal k ap vini ede lapè tabli tabli sou teritwa ayisyen an.
Depi plizyè ane tout ti kwen nan kapital la gen gwoup gang ak gwo zam k ap taye banda, sa ki te pouse gouvènman Ariel Henry a ekri Nasyonzini pou mande yon entèvansyon militè prese prese nan peyi Dayiti. Depi kèk tan gang yo mete tèt yo nan “Viv Ansanm” pou kontinye fè popilasyon an monte lesyèl pa do, si gen previzyon ki montre fòs la ap rantre nan peyi nan fen mwa me, nan mitan popilasyon a gen gwo dout akoz se pa premye fwa dat ap fikse pou vini misyon sa.