Nan yon nòt ki pote dat 26 fevriye 2024 la, Asosiyasyon Nasyonal Medya Agisyen yo (ANMH), mande jistis pou tout jounalis ki viktim nan egzèsis fonksyon yo sitou jounalis Garry Tess. Nan nòt sa ki pote siyati prezidan asosiyasyon an, Robert Denis, ANMH pwofite raple otorite yo se dwa yo pou yo pwoteje jounalis ak travayè Laprès yo.
ANMH fè konnen n ap site, yo pa konprann kòman Lajistis ayisyen ap mennen dosye asasinay plizyè jounalis ki tonbe nan kad travay yo. Asosiyasyon an ki di l ap founi je gade kòman metye jounalis la ap bouje nan peyi a, mete aksan sitou sou dosye lanmò jounalis Garry Tess ki te tonbe nan mwa oktòb 2022 nan Okay. Enstans ki gen nan tèt li Robert Denis an di yo pa konprann endiferans otirite lokal yo nan dosye sa yo ni fason y ap trennen pye yo nan ankèt yo.
ANMH, fè otorite yo sonje pwofesyon jounalis la se souf sosyete a. Egzistans medya nan yon sosyete se garanti bon jan swen lasante pou sosyete a. Nan sans sa ANMH di li leve vwa l ak tout lòt òganizasyon k ap defann pwofesyon jounalis la pou pwoteste kont konpòtman abitrè otorite yo afiche kont jounalis yo epi pwofite mande jistis pou tout jounalis ki viktim.
Asosiyasyon nasyonal medya ayisyen yo deklare yo pote bay viktim yo ak pwòch yo, tout soutyen yo pandan y ap kontinye fè demach pou yo jwenn jistis.
Carl Henry Florant