Aprè lopital, famasi, klinik, lekòl, biznis tout kalite, kay, fakilte, inivèsite, legliz, peristil, elatriye, dènye zak kriminėl kraze brize, boule ki fèt vandredi 29 mas 2024 la, nan Pak Endistriyèl DIGNERON, nan Kwadèboukè, pouse Asosyasyon Endistri DAyiti (ADIH) mande tout sitwayen ak sitwayèn konsekan anndan peyi a, pou yo pran konsyans.
Zak destriksyon sa yo se plis mizè y ap pote pou nou TOUT ak pou jenès la, ki pral lage de bra balan.
Asosyasyon an vle raple, 2,000 sitwayen ak sitwayèn t ap travay nan Digneron nan lane 2022, anvan li te bije kanpe poutèt sitiyasyon twoub ak vyolans nèg ak zam kreye nan zòn lan.
Kidonk, ant 10,000 ak 20,000 frè ak sè, timoun kou granmoun, ki te benefisye dirèkteman osinon endirèkteman de travay sa yo nan Digneron, vinn lage de bra pandye!
Sa n ap gade la a paka rele Viv Ansanm mezanmi!
An n mete tèt nou ansanm toutbon vre pou nou sispann ak tout zak vyolans sou tout fòm k ap fèt nan peyi a. Sispann simen twoub ak latwoublay, sispann boule lekòl ak inivèsite; lajenès se avni peyi a.
An n sispann DETWI!
An n sispann tout zak malonèt.
An n kole zepòl pou nou konstwi pito.
Viv Ayiti nan bon jan Diyite ak Lanmou
Ayibobo!
Petyonvil, 2 avril 2024
Konsèy Administrasyon ADIH