Nan dènye jou yo, sosyete ayisyèn nan ap viv yon sitiyasyon difisil san parèy, tout endikatè yo wouj. Popilasyon an se chak jou ki jou lap rele anmwey sekou paske lavi chè ak lamizè ap toupizil, pandan tan sa yon pakèt aktè ki konn rele chalbare dèyè gouvènman Jovenel Moïse la rete nan yon silans total.
Nan medya yo, an patikilye, pa t manke vwa pou te denonse. Nenpòt ti glise erè Jovenel Moïse ak ekip li a te konn fè, yo anvayi espas piblik yo pou yo mete tèt yo kòm defansè enterè pèp.
Lajan nasyonal ap pèdi valè devan dola, enflasyon, kidnaping ak yon pakèt lòt pwoblèm plonje sosyete a nan chomaj. Poutan, sitiyasyon sa a sanble pap rezoud ni jodi ni demen. Pa gen lidè pou pran defans pèp la devan sitiyasyon difisil lap konnen la, alòske sou pouvwa Jovenel la lidè yo te toupatou ap denonse, epi rele aba.
Nou paka bliye tou gen anpil nan lidè sa yo ki te konn ap konbat Jovenel ki kounya se gwo benefisyè yo ye nan yon pouvwa kap antere espwa lavi pèp sa chak jou. Men tou gen yon pakèt lòt lidè ki te konn goumen kont Nèg Bannann nan ki chwazi fè silans pandan sitiyasyon an pi grav pase aksan grav.