Vyolans gang yo nan peyi Dayiti kontinye ap mete dlo nan je popilasyon an, menm timoun yo pa epanye. Daprè dènye rapò Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) pibliye , pou pi piti 82 timoun mouri oswa blese ant janvye pou rive mas 2024.
“Pou pi piti 82 timoun, kèk nan yo gen mwens pase sis lane, mouri oswa blese pandan premye trimès 2024 la. Prèske mwatye nan viktim yo te resevwa bal pandan atak vyolan gang yo sou katye yo oswa batay ant gang ak lapolis,” se sa rapò a fè konnen.
Toujou daprè biwo Nasyonzini an, akote lavi yo yo pèdi, vyolans gang yo an Ayiti gen yon enpak tou sou aksè pou pou timoun yo jwenn edikasyon ak sante, men tou ensekirite alimantè a pa epanye yo.