Nèg ak zam yo pa rive idantifye rantre nan kay sekretè jeneral Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan lannwit vandredi 3 mas a epi kidnape 2 pitit li .
Yvan Randy Eugène 23 lane, ak Gabriel Prema Deshommes 22 lane, 2 pitit sekretè jeneral MENFP la ,Yvonne Eugène, neg ak zam kidnape lakay yo lakay yo ayè vandredi 3 mas la. Ravisè yo pran yon machin ki te pou fanmi an pou transpòte otaj yo daprè enfòmasyon manman viktim lan ki pa kache enkyetid li pou youn nan pitit li yo ki soufri dyabèt .
Ravisè yo mande 500 mil dola US ak fanmi an pou liberasyon otaj yo toujou daprè madam Eugène, ki lanse yon SOS ak otorite peyi yo nan lide pou jwenn liberasyon pitit li yo .
Gang yo kontinye ap simen laperèz nan mitan popilasyon an kote anpil ladan yo pa sispnan viktim anba je otorite yo .