![Ayiti/Ensekirte: 82 moun mouri pou mwa jiyè a akoz ensekirite INSECURITE 1 Ayiti/Ensekirte: 82 moun mouri pou mwa jiyè a akoz ensekirite](https://telepam.tv/wp-content/uploads/2023/07/INSECURITE-1.jpg)
Òganizasyon Sitwayen pou yon lòt Ayiti dil anrejistre pou mwa jiyè ane 2023, 82 moun ki asasine sou teritwa nasyonal la .Pami viktim yo genyen yon polisye, 8 fanm, yon tigason ak yon tifi.
Nan rapò sa OCNH anrejistre 9 prezime bandi manm nan popilasyon touye. Òganizasyon kap defann dwa moun nan envite yon lòt fwa otorite yo nan leta pou pran dispozisyon nan lide pou rezoud fenomèn ensekirite a ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon an.