![Ayiti Kriz : Plizyè milye kretyen pwotestan te pran lari pou mande chanjman nan peyi Dayiti FB IMG 1688955247351 1024x768 Ayiti Kriz : Plizyè milye kretyen pwotestan te pran lari pou mande chanjman nan peyi Dayiti](https://telepam.tv/wp-content/uploads/2023/07/FB_IMG_1688955247351-1024x768.jpg)
Sou inisyativ Pastè Gregory Toussaint fidèl pwotestan an Ayiti tankou nan kèk peyi etranje te patisipe dimanch 9 jiyè a nan yon mach pasifik pou mande mete fen nan kriz kap sakaje Ayiti depi kèk tan.
Abiye ak mayo blan ki gen koulè ble ak wouj la ekri ak Yon mesaj “Souf pou Ayiti”, kretyen pwotestan te mache nan plizyè ri nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Yo te eksprime endiyasyon yo devan pasivite otorite leta yo anfas klima ensekirite a, zak kidnaping yo, koripsyon ki anvayi enstitisyon piblik yo ak lavi chè a.
Kretyen yo fè konnen yo fatige ak move jesyon ekip gouvènman Ariel Henry ap dirije a. Yo pwofite mande yon chanjman nan peyi a pou pèmèt tout aktivite rekòmanse pou tout moun ka viv alèz epi pou peyi a pran chimen devlopman.
Nan menm aktivite sa nan Miami Pastè Gregory Toussaint mande pèp ayisyen an pa bò isit oubyen lòt bò dlo pran responsablite yo devan sitiyasyon tèt chaje Ayiti trouvel depi kèk tan. Bishop la te pwoofite mande otorite amerikèn yo rapouswiv ak program Biden nan, epi bay posiblite pou benefisyè yo jwenn rezidans. Gregory Toussaint anonse plizyè lòt aktivite pou atire atansyon kominote entènasyonal la sou sitiyasyon peyi Dayiti ki tankou yon peyi ki nan gè.
Nap raple gwo mach pasifik sa te òganize nan 10 depatman jewografik peyi Dayiti ak nan plizyè lòt peyi nan mond lan. Otorite yo an Repiblik Dominikèn te entèdi inisyatè mouvman sa òganizel nan peyi pa yo a.