Jij ki gen manda pou l ankete sou dosye asasinay ansyen prezidan ayisyen an Jovenel Moïse la, Walther Wesser Voltaire, enkilpe 51 pèsonalite ayisyen ki ta dwe al reponn kesyon tribinal kriminèl nan kad dosye sila.
Non ansyen premye dam Repiblik la, Martine Moïse ak ansyen Premye minis Claude Joseph ekri byen klè nan lis pèsonalite sa yo Jij enstriksyon an enkilpe a. Se medya an liy Ayibopost ki pibliye jodi lendi 19 fevriye 2024 la òdonans sila ki pote dat 25 janvye 2024.
Daprè Jij enstriksyon Walther Wesser Voltaire, gen ase prèv pou lajistis tande endividi sa yo nan kad dosye lanmò ansyen chèf Leta. Se pou sa li voye yo devan tribinal kriminèl san asistans jiri pou lajistis ka tande yo. Jij la mande pou otorite lapolis yo chache moun sa yo li enkilpe yo, epi mete yo nan prizon Sivil Pòtoprens la, si yo pa t ko ladann.
Men lis moun ki konsène nan desizyon sa :
Victor Albeiro Pineda CARDONA, Alejandro Giraldo ZAPATA, Manuel Antonio GROSO GUARIN, John Jairo Ramirez GOMEZ, John Jader ANDELA, Neil Caceres DURAN, Francisco Eladio Uribe OCHOA, Alex Miyer PEŇA, Jheyner Alberto Carmona FLORES, Enalber Vargas Gomez, Ange Mario Yarce SIERRA, Naiser Franco CASTAÑEDA, John Jairo SUARES ALEGRIA, Carlos Giovanni Guerrero TORRES, Edwin Enrique Blanquicet RODRIGUEZ, Juan Carlos Yepes CLAVIJO, Gersain Mendivelso JAIMES, Christian Emmanuel SANΟΝ, Joseph VINCENT, James SOLAGE, Jean Laguel CIVIL, Joseph Félix BADIO, Dimitri HERARD, Léon CHARLES, Claude JOSEPH, Jacques SINCÈRE, Marie Étienne Martine Joseph MOÏSE, Renald LUBERICE, Ardouin ZÉPHIRIN, Louis Edner Gonzague DAY, Francis CINÉUS, Miradieu FAUSTIN, Ashkard-Joseph PIERRE, Jeantel JOSEPH, Gordon Phénil DÉSIR, Emmanuel LOUIS, Bony GRÉGOIRE, Hubert JEANTY, Marky KESSA, William MOÏSE, Clifton HYPPOLITE, Élie JEAN-CHARLES, Rony FRANÇOIS, Ronald GUERRIER, Cléantis LOUISSAINT, Sadrac ALPHONSE, Ernst GERMAIN, Jude LAURENT, Frantz LOUIS, Faneck DELICAT, Arly JEAN.
Walter Wesser Voltaire di li chita dezisyon lan sou atik 224, 225, 226, 227, 2240, 241, 242, 247, 248, 249, 326, 327, ak 327, 6.1, 6.20, 6.26, 7,5èm alineya, 119, ak Dekrè 4 me 2023 ak Kòd penal daprè pwovizyon atik 119 ak 120 Kòd enstriksyon kriminèl peyi a, pou l voye moun sa yo devan Lajistis pou Asosiyasyon malfektè, volè bagay moun, zak teyoris, asasinay ak konplisite asasinay, krim kont Ekselans Jovenel Moïse.
Toujou daprè òdonans sa Jij Wesser pibliye 25 janvye a, ansyen Premye minis la Claude Joseph, Martine Moïse, Jeantel Joseph ak Léon Charles yo menm akize pou konplisite asasinay. Zak ki pini nan atik 44, 45, 240, 241, 242, 243, 247, 248, 249 ak 258 Kòd Penal la.
Nan òdonans sa Jij la mete sou kote kèk pèsonalite li te tande nan kad dosye sa pami yo Premye minis Ariel henry , ansyen prezidan Michel Martelly ,Antonio Cheramy.
Carl Henry Florant