Depi kèk tan Fondasyon Zòn Pa Fè Moun ki gen nan tèt li Frè Luckson Jean ap travay nan ede timoun lari ak sa ki pa gen manman ak papa. Fondasyon sila deja retire anviwon yon santèn timoun nan lari a, anplis de sa gras ak sipò patnè li yo Frè Luckson rive mete timoun sa yo nan bon jan kondisyon pou yo evolye. Konsa, Zòn Pa Fè Moun lanse samdi 17 fevriye a yon klèb foutbòl, “Zòn Pa Fè Moun FC”, pou ankadre timoun yo plis toujou.
Si gen anpil non tankou Manno Sanon, Nerilia Mondésir, Melchie Dumornay ki fè lonè Ayiti nan istwa koupdimond, ou paj ofisyèl Facebook li, Fré Luckson fè konnen rèv li se pou pwochèn fwa Ayiti pral patisipe nan yon koupdimond pou gen plizyè timoun lari nan ekip la. Pou ede timoun yo nan pratike espò sa, fondasyon an gen yon ekip antrenè ki deja kòmanse travay, nan sans sa plizyè seyans antredman gentan fèt.
Nan kad pwojè sa ki se retire timoun yo nan laria, Fondasyon an ap travay pou ta genyen yon pi gwo espas pou konstwi yon pi gwon sant kap pèmèt plis timoun soti nan lari a.
Jean Kenson Carries